| |
|
|
Revize 26 Fevriye, 2010*
Kisa Sistèm EASY Card la ye?
-
Sistèm EASY Card la se yon nouvo sistèm pou kolekte pri tikè y’ap mete sou pye nan twa konte yo (Konte Miami-Dade, Broward ak Palm Beach).
-
Sistèm EASY Card la kolekte pri tikè grasa “smart cards” trè modèn (ak yon sikwi enfòmatik entegre ladann) olye de jeton oubyen pas papye.
-
Miami-Dade Transit se premye sistèm nan rejyon an k’ap adopte Sistèm EASY Card la, ki ta dwe fin tabli nèt disi kòmansman 2010.
-
Apre sa se tou Tri-Rail, k’ap mete Sistèm EASY Card la sou pye an 2011.
Kisa ki diferan nan Sistèm EASY Card la?
-
Premye bagay w’ap remake nan nouvo sistèm nan se nouvo pòt otomatik ki pwal ranplase tounikèt yo nan pwen antre ak sòti Metrorail yo.
-
Nouvo lektè “smart card” fasil pou itilize, ke ou annik tape pou ale ap fè antre ak sòti nan estasyon yo vin yon jwèt timoun.
-
Ou gen dwa remake tou Distribitè Otomatik EASY Card ki sanble ATM, epi ki kapab dyaloge ak itilizatè a, nan estasyon Metrorail yo. Pasaje Tri-Rail pap kapab sèvi ak aparèy sa yo pou jwenn tikè transfè gratis yo (pasaje Tri-Rail kapab resevwa tikè transfè gratis nan men yon Ajan Estasyon sèlman).
-
Anplis de sa, w’ap wè nouvo bwat tikè ki kapab dyaloge ak itilizatè a sou Metrobus yo. Pasaje Tri-Rail k’ap transfere al sou Metrobus sòti nan yon estasyon Tri-Rail ap toujou montre Pas Tri-Rail valid yo pou yo gen aksè (Express Bus yo ekskli). Pasaje Tri-Rail k’ap transfere al nan Metrobus sòti nan nenpòt ki estasyon Metrorail ap sèvi ak EASY Card oubyen EASY Ticket yo kòm prèv peman.
-
Petèt chanjman ki pi enpòtan an, sepandan, envizib – yon sistèm enfòmatik trè modèn ki pèmèt òganis transpò piblik rasanble done sou trajè ak kantite vwayajè epi ajiste sèvis pou reponn bezwen ou pi byen.
-
Ou kapab anrejistre EASY Card yo pou pwoteksyon gratis kont pèt, vòl oubyen donmaj. Lè ou fin anrejistre kat ou a, w’ap kapab anile l’ si li pèdi, si yo vòlè l’ oubyen si li donmaje epi y’ap ba ou yon lòt avèk balans ou te rete sou li a. Ou gen dwa gen pou peye yon frè 2 dola pou yo ranplase kat la. Tanpri note ke ou pa kapab anrejistre EASY ticket yo.
-
Nan lavni, sistèm EASY Card la ap pèmèt ou tou achte pas oubyen verifye balans ou sou Entènèt osito.
Ki avantaj ki genyen nan adopte Sistèm EASY Card la?
EASY Cards / EASY Tickets se yon sistèm pou kolekte pri tikè ki fonksyone pi byen epi ki pi efikas. Nouvo sistèm nan pwal ede sistèm transpò piblik rejyon an nan:
-
Pèmèt Vwayaj Rejyonal An Dousè: Lè li fin sou pye konplètman, EASY Card / EASY Ticket la ap pèmèt ou vwayaje atravè tout sistèm transpò piblik ki nan rejyon an avèk yon sèl metòd peman.
-
Amelyore Bon Fonksyònman: Nouvo distribitè otomatik ak EASY Card an plastik dirab yo kreye yon sistèm ki fonksyone pi byen.
-
Idantifye Bezwen Ou: Enfòmasyon pi egzak, an tan reyèl sou trajè ak kantite vwayajè pwal ede nou planifye trajè ak orè sèvis ki reponn bezwen ou pi byen.
Ki enpak nouvo sistèm sa a ap gen sou mwen?
-
Nan yon avni pwòch, se sèlman pasaje Tri-Rail k’ap transfere sou Metrorail k’ap remake chanjman.
-
Pasaje Tri-Rail k’ap transfere sou Metrorail dwe gen yon EASY Card oubyen yon EASY Ticket kòmanse 1ye oktòb 2009.
-
Poko gen enpak sou Metrobus epi pasaje Tri-Rail yo ap toujou kapab montre Pas Tri-Rail valid pou gen aksè (trajè Express Bus yo ekskli) oubyen EASY Card / EASY Ticket yo a.
Ki diferans ki genyen ant yon EASY Card / EASY Ticket?
Pandan peryòd tranzisyon inisyal la (k’ap kòmanse 1ye oktòb 2009), EASY Card ak EASY Ticket yo ap sèvi pou pèmèt pasaje Tri-Rail transfere sou Metrorail
-
EASY Card:
- Yon kat transpò plastik, ki sanble yon kat ATM oubyen kredi, men ki gen yon sikwi enfòmatik ladann, olye de yon ba mayetik
- Kapab rechaje pandan plizyè ane
- Se sitou moun ki gen Pas Mansyèl Tri-Rail k’ap sèvi avè l’ pandan peryòd tranzisyon insyal sa a
-
EASY Ticket:
- Yon kat transpò papye ki gen yon sikwi enfòmatik entegre ladann
- Kapab rechaje pandan 90 jou
- Se sitou moun ki gen Pas Tri-Rail Ale Sèlman, Aleretou ak 12-Vwayaj k’ap sèvi avèk l’ pandan peryòd tranzisyon inisyal sa a
*Ki kote mwen ka jwenn EASY Card / EASY Ticket?
-
EASY Card ak Estikè Mansyèl Tri-Rail gratis yo déjà disponib pou moun ki gen Pas Mansyèl Tri-Rail nan nenpòt ki Kyòs Tikè Tri-Rail (West Palm Beach, Pompano Beach, Ayewopò Fort Lauderdale, Metrorail Transfer ak Ayewopò Miami).
-
Konbinezon EASY Card/estikè a déjà disponib nan tout Kyòs Tikè ki nan lis ki pi wo a, kòmanse 26yèm jou chak mwa. Pran pa w’ la bonè pou evite liy yo.
-
EASY Ticket gratis yo déjà disponib pou tout lòt pasaje nan Kyòs Tikè Tri-Rail ki nan Estasyon Metrorail Transfer a SÈLMAN, jis anvan ou transfere.
Èske mwen kapab pran EASY Card / EASY Ticket gratis mwen an nan yon distribitè otomatik?
- NON. EASY Card gratis yo disponib sèlman nan Kyòs Tikè estasyon Tri-Rail avèk yon Pas Mansyèl Tri-Rail valid (ak idantifikasyon, lè sa nesesè)
- EASY Ticket gratis yo disponib sèlman nan Kyòs Tikè Estasyon Metrorail Transfer a avèk yon Pas Tri-Rail valid
Konbyen yon EASY Card / EASY Ticket koute?
-
EASY Card ak EASY Ticket yo GRATIS kounyeya pou pasaje Tri-Rail ki gen yon pas Tri-Rail valid, jiskaske nou anonse sa chanje
Èske transfè mwen yo sou Metrorail ak Metrobus ap toujou gratis?
-
Nan moman an, wi.
-
Miami-Dade Transit ap konsidere fè pasaje ki sòti nan Tri-Rail yo peye yon frè transfè. Yo poko detèmine montan egzak frè yo
-
Konsèy Komisè Konte Miami-Dade la dwe apwouve chanjman nan peman sa a, sepandan, poutèt jan almanak la tabli an, yo siman pap konsidere keksyon an anvan desanm 2009
-
Lè yo apwouve l’, y’ap mete w’ okouran imedyatman sou tout frè transfè grasa nouvèl sou www.tri-rail.com oubyen lè ou rele 1-800-TRI-RAIL.
Kisa pou mwen itilize kòm resi lè m’ap vwayaje sou Tri-Rail?
-
Pandan tranzisyon inisyal sa a, moun ki gen Pas Mansyèl Tri-Rail pwal sèvi avèk EASY Card yo a ansanm
ak yon Estikè Mansyèl Tri-Rail espesyal k’ap tache sou li kòm resi pou monte Tri-Rail. Wap prezante
orijinal tike le mwa Tri Rail bay ajan stasyon an pou troke pou yon nouvo kat EASY kap genyen yon plak le
mwa Tri Rail sou li. Kat EASY plis plak le mwa Tri Rail ap yon sel sel kat pou akse Tri Rail ak Metrorail.
-
Tout lòt kliyan yo ap kontinye sèvi ak Pas Tri-Rail yo kòm resi abò Tri-Rail epi yo pwal nan
Kyòs Tikè Tri-Rail ki nan Estasyon Metrorail Transfer a pou resevwa EASY Ticket yo a.
Kijan pou mwen sèvi ak EASY Card / EASY Ticket mwen an?
-
EASY Card / EASY Ticket la fasil pou itilize! Pou antre nan yon estasyon Metrorail, annik tape EASY Card oubyen EASY Ticket ou a sou lektè won an pou ouvri pòt yo
-
Nan estasyon destinasyon ou an, tape EASY Card oubyen EASY Ticket ou a sou lektè a ankò pou sòti nan estasyon an
Kisa pou m’ fè avèk EASY Card / EASY Ticket mwen an lè m’ fin sèvi avè l’?
-
Kenbe EASY Card ak Estikè Mansyèl Tri-Rail ou a yon kote an bon sekirite – li gen sou li tout
tikè transfè ou yo pou tout mwa a epi se kat sa a ki gen tout sa ou bezwen pou gen aksè a
Metrorail, Metrobus ak Tri-Rail! Anplis de sa, EASY Card yo kapab resèvi ak rechaje pandan twazan
-
Kenbe EASY Ticket ou a yon kote an bon sekirite, tou – li gen tout tikè transfè Metrorail
ak Metrobus ou pou jounen an sou li – donk pa voye l’ jete
Kijan pou mwen anrejistre EASY Card mwen an?
-
Pou lespri w’ ka anpè, ou kapab anrejistre EASY Card ou a pou pwoteksyon
kont pèt oubyen vòl; pou sa rele Miami-Dade Transit nan 786-469-5151 oubyen,
si ou gen pwoblèm tande, nan 305-263-5475. Yo kapab anile kat ou a si li pèdi,
si yo vòlè l’, oubyen si li donmaje epi yo kapab emèt yon lòt pou ou (ak balans
ki te rete a). Ou gen dwa gen pou peye yon frè 2 dola pou yo ranplase kat la.
-
Anrejistreman pa disponib pou EASY Ticket yo.
Kijan pou mwen pran swen EASY Card / EASY Ticket mwen an?
- Ou dwe manyen EASY Card / EASY Ticket ou a ak prekosyon
- Sikwi EASY Ticket yo espesyalman delika
- Fè atansyon pou ou pa ni pliye, ni grave, ni tòde EASY Card oubyen EASY Ticket ou a,
ni fè twou ladann, ni mouye l’
- Ou kapab rapòte EASY Card ki pèdi, ke yo vòle, oubyen ki donmaje epi ki anrejistre lè ou rele Miami-Dade Transit nan 786-469-5151 oubyen, si ou gen pwoblèm tande, nan 305-263-5475
- EASY ticket ki pèdi oubyen ki donmaje pa kapab ranplase
Si mwen kenbe EASY Card / EASY Ticket mwen bò kot yon kat kredi, èske l’ap demayetize?
-
Non. EASY Card / EASY Ticket yo pa gen materyèl mayetik ladan yo, donk yo pa kapab demayetize
Si mwen kenbe EASY Card / EASY Ticket mwen an bò kot yon lòt “Smart Card” èske l’ap toujou mache?
-
Kenbe “smart cards” youn bò kot lòt pap donmaje kat yo; sepandan, sib EASY Card yo gen dwa pa kapab li tikè oubyen kat ou a si li bò kot yon lòt “smart card.” Si sa rive, annik separe EASY Card oubyen EASY Ticket ou a ak lòt kat la epi tape l’ sou sib la
Kouman pou mwen jwen-n yon nouvo EASY Card si pa mwen yan pèdi, si yo volè-l oswa li pa mache?
-
Pasaje yo ki anrejistre EASY Card yo wa ak Miami-Dade Transit kab resevwa yon kat ranplasman si kat yo wa pèdi,
si yo vòlè-l oswa li pa mache. Pasaje yo gen opsyon pou yo fè yo voye kat ranplasman an pa lapòs, dabitid sa
fèt pandan 2 ou 3 jou biwo ouvè apre yo fin-n rapòte kat la pèdi, yo vòlè-l oswa li pa mache, oubyen yo ka ale
pran ni nan Sant Sèvis Transit Miami-Dade [Miami-Dade Transit Service Center].
-
Depi ou jwen-n kat ranplasman an, wap bezwen pote kat sila SÈLMAN* nan Estasyon Transfè Metrorail Tri-Rail la
pou yo fè ou jwen-n yon Estikè Tri-Rail ki nan mwa nou ye kounye ya.
-
Pou rapòte yon kat ki pèdi, yo vòlè-l oswa ki pa mache, tanpri antre an kontak ak Sant Easy Card Transit
Miami-Dade ya [Miami-Dade Transit EASY Card Center] nan 786-469-5151.
*ATANSYON – pa gen youn-n nan Tikè Kiyòsk yo kab kapab li valè kat ki ranplase ya epi kab bay nouvo estikè pou kat ki ranplase yo.
Kouman ak ki kote mwen rechaje EASY Card mwen gen kounye ya epi konbyen fwa?
Pasaje yo dwe rechaje EASY Card yo gen kounye ya grasa yon Pas Mansyèl pandan chak mwa ki an kalandriye ya yo vle vwayaje.
Pasaje yo gen de chwa nan zafè rechaje EASY Card yo gen kounye ya:
-
Nan NENPÒT Nan Kyòs Tikè Tri-Rail
- Peye tarif ki apwopriye a
- Jwen-n Estikè Mansyèl Tri-Rail ki byen kadre (Ajan ki nan Estasyon an
ap tache yon nouvo Estikè Mansyèl nan do EASY Card ou an)
- Ale nan Kiyòsk Tikè Estasyon Transfè Tri-Rail Metrorail la pou rechaje
EASY Card ou gen kounye ya
-
At Tri-Rail’s Metrorail Transfer Station Ticket Kiosk
- Peye tarif ki apwopriye a
- Jwen-n Estikè Mansyèl Tri-Rail ki byen kadre (Ajan ki nan Estasyon an ap tache
yon nouvo Estikè Mansyèl nan do EASY Card ou an) epi li ap rechaje EASY Card ou gen kounye ya
|
|